Sa w dwe konnen sou kijan pou fè odyans tribinal imigrasyon w lan a distans:
- Ou kapab suiv odyans imigrasyon w lan a distans pa telefòn oswa videyo, men fòk ou aji vit.
- Ou dwe konnen A-number w epi adrès tribinal k ap trete dosye w la.
- Pou w mande yon odyans a distans, depoze yon demann alekri davans nan tribinal kote ou gen odyans lan, esplike rezon ki fè w paka patisipe an pèsòn, — pa egzanp prezans ICE fè w pè.
- Rele tribinal la pou w konfime tout bagay davans. Si yo aksepte demann lan, y ap ba w nimewo telefòn lan oswa lyen videyo pou w pa rate odyans lan.
Manm nan plizyè kominote eksprime laperèz yo genyen pou yo ale nan odyans yo an pèsòn akoz operasyon ICE ki konn ap fèt deyò tribinal yo. Si w gen enkyetid sa a, konnen w kapab swiv odyans ou an a distans pa telefòn oswa videyo olye w ale an pèsòn.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an Jiyè 2025.
Verifye si w kalifye pou yon odyans a distans
Se pa tout jij imigrasyon ki aksepte fè odyans a distans, men anpil aksepte.
Chache nan avi odyans ou an (Fomilè I-862), oswa monte sou sit Executive Office for Immigration Review (EOIR) la pou w konsilte dosye w la. Pafwa odyans imigrasyon fèt sou entènèt olye yo fèt an pèsòn. Yon odyans ki gen estati “internet-based” vle di odyans ou an ap fèt sou entènèt.
Si w pa sèten odyans ou an ap fèt an pèsòn oswa sou entènèt, kontakte tribinal imigrasyon k ap trete dosye w la. Men lis tout tribinal imigrasyon nan Etazini, non jij yo, kontak yo ak lyen pou w mande yon odyans sou entènèt.
Pou moun ki abite Nouyòk yo, desann anba paj la pou n jwenn enfòmasyon sou Tribinal Imigrasyon Federal Plaza (26 Federal Plaza), Tribinal Imigrasyon Broadway (290 Broadway) ak Tribinal Imigrasyon Varick (201 Varick Street) nan vil Nouyòk.
Ou ka rele liy Dirèk EOIR la tou nan 1-800-898-7180 epi rantre A-number w lan pou w jwenn dat ak adrès pwochen odyans ou an.
Fè demann yon odyans a distans vit
Menm si odyans tribinal ou an pwograme pou fèt an pèsòn, ou ka mande l fèt sou entènèt, men demann sa ka refize.
Ou ka pa jwenn repons anvan dat odyans ou an pou demann sou entènèt la. Si w pa resevwa yon konfimasyon ki soti nan tribinal la pou yon odyans sou entènèt, tribinal la egzije pou w prezante w an pèsòn. Si w pa fè sa, ou riske pou yo pran yon desizyon dèyè do w epi depòte w.
Akòde yon odyans imigrasyon sou entènèt depann de plizyè faktè: adrès tribinal la, jij ki atribye ak dosye w la, rezon w genyen pou w mande yon odyans sou entènèt, ak si w gen reprezantasyon legal.
Pou w mande yon odyans sou entènèt, ou ka rele tribinal imigrasyon an oswa depoze yon demann alekri. Men nimewo tribinal imigrasyon nan vil Nouyòk yo:
- Tribinal Imigrasyon Broadway : 212-240-4900
- Tribinal Imigrasyon Federal Plaza: 917-454-1040
- Tribinal Imigrasyon Varick: 646-638-5766
Si w chwazi voye yon demann alekri, ou dwe fè sa anvan dat odyans ou an. Ou ka suiv modèl sa a pou w ekri l. Ou pa bezwen yon avoka pou w fè sa, men, si w gen youn, mande li ede w.
Kisa w dwe mete nan demann lan:
- Non konplè w ak A-number w
- Dat ak lè odyans lan”
- Rezon demann ou an. Pa egzanp: “M pè prezans ICE deyò tribinal la”
- Enfòmasyon pou yo kontakte w tankou nimewo telefòn ak/oswa ki fason w ap konekte nan reyinyon videyo a.
- Ou ka di pa egzanp, “Due to credible fear of ICE presence at the courthouse and personal safety concerns, I respectfully request to attend my hearing remotely by telephone or video.“
Lòt egzijans ki genyen:
- Tout enfòmasyon w bay yo dwe an Anglè.
- Enprime, siyen, epi mete dat sou demann lan de kote avèk yon plim ble oswa nwa.
- Voye yon kopi demann ou an ki siyen bay avoka gouvènman an. W ap jwenn adrès postal yo nan lyen sa a anba “OPLA Mailing Address.” OPLA vle di Office of the Principal Legal Advisor, ki se reprezantan legal Depatman Sekirite Enteryè.
- Asire w kenbe yon kopi dijital pou achiv pèsonèl ou.
Voye demann ou an bonè, an sekirite, epi nan bon adrès la
Asire w tribinal la resevwa demann ou an avan odyans ou an:
- Enprime epi poste yon kopi lèt la bay tribinal imigrasyon kote odyans ou an pwograme a. W ap jwenn adrès tribinal ou an nan lyen sa a.
- Poste yon kopi siyen demann lan bay avoka gouvènman an. Adrès postal avoka gouvènman an ekri anba “OPLA Mailing Address.” Jwenn adrès postal yo nan lyen sa a.
Rele tribinal la anvan odyans ou an
Si w pa jwenn okenn repons, rele liy dirèk grefye tribinal la pou w konfime yo te aksepte demann ou an. Ou ka rele liy dirèk la nan 800-898-7180.
- Mande: “Èske yo te apwouve demann pou w fè odyans mwen an pa telefòn oswa videyo?”
- Si repons lan se wi, mande nimewo telefòn lan oswa lyen videyo w ap bezwen pou w konekte nan odyans lan.
Li toujou pi bon pou w genyen yon avoka pou tout demach sa a, pou si w ta gen kesyon oswa nenpòt obstak ta prezante. Ou ka jwenn èd legal gratis nan lyen sa a oswa rele Sant Sipò Legal Imigrasyon MOIA yo nan 800-354-0365 pou w jwenn asistans legal gratis nan telefòn.