Ak sitiyasyon imigrasyon Etazini jounen jodi a, operasyon ICE yo fèt pi souvan. Menm si sa ka fè moun pè lè yo panse ICE ka met men sou yo, poze yo kesyon oswa menm arete moun ki pwòch yo, li enpòtan pou w sonje ou pa poukont ou. Gen anpil moun ak òganizasyon ki la pou ede w.
Selil ijans kominotè yo la pou mete moun an kontak ak òganizasyon, avoka ak lidè nan kominote a ki pare pou yo bay sèvis ak sipò nan sitiyasyon ijans.
Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an fevriye 2026. Yon premye vèsyon atik sa a te parèt sou ImportaMi.com.
Kilè mwen ka rele yon selil ijans kominotè ?
- Pou w sinyale aktivite ICE (si w wè ajan ICE nan katye w oswa nan lari).
- Si ICE frape pòt lakay ou oswa kanpe w.
- Si ICE arete oswa kenbe yon manm fanmi w oswa yon moun pwòch ou.
Ki kalite sèvis selil ijans kominotè yo bay?
Nimewo ijans
Pifò selil ijans kominotè yo gen yon nimewo telefòn ou ka rele. Ou ka rele pou w rapòte prezans ICE nan kominote w, pou fè yo konnen ICE kenbe w epi ou bezwen èd, oswa pou w mande èd pou w konekte ak resous lokal legal yo.
Obsèvatè kominotè
Obsèvatè kominotè yo ale sou plas kote ICE ap fè yon entèvansyon oswa yon arestasyon. Yo pran nòt epi dokimante sa k ap pase a pou yo ka ede w ak dosye legal ou a devan tribinal. Avoka w ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou entèvansyon an (tankou nimewo badj ajan ICE la, sa yo di w, si yo respekte dwa w, elatriye) pou l ka defann ou pi byen nan tribinal. Obsèvatè kominotè yo, an jeneral, se sitwayen ameriken ki ka ede reyini enfòmasyon sa yo san yo pa pè yo arete yo tou.
Asistans legal
Si ICE kenbe w, anpil selil ijans kominotè gen rezo avoka gratis oswa avoka a pri abòdab. Yo ka eseye mete w an kontak w ak asistans legal pou ede w ak dosye w la.
Sipò emosyonèl
Selil ijans yo ka mete w an kontak ak manm kominote a ki resevwa fòmasyon pou sèvi kòm ekip akonpayman. Ekip sa yo se sitwayen ameriken ki ka akonpaye w san danje nan tribinal oswa nan lòt rankont ak lapolis. Yo pa avoka epi yo pa ka bay konsèy legal, men yo ka rete bò kote w pou ede w gen mwens laperèz. Yo kapab ofri sipò ak akonpayman tou pou fanmi w si yo arete w.
Sa w dwe sonje lè w ap rele yon selil ijans kominotè
- Pifò selil yo pale omwen 2 lang oswa pale plizyè lang.
- Gen kèk selil ki gen yon sèl moun k ap reponn telefòn nan. Si liy lan okipe, sa vle di yo petèt deja ap pale ak yon lòt moun. Eseye rele ankò oswa kite yon mesaj vokal.
Selil ijans kominotè yo ap grandi, epi gen plis toujou k ap kreye. Si w pa wè yon rezo repons rapid bò lakay ou, verifye ak sant kominotè lokal ou oswa fè yon rechèch sou entènèt pou asire w si gen youn nan zòn ou an.
Selil ijans kominotè nan eta Nouyòk
New York State Immigration Hotline 1 (800) 566-7636
Selil ijans kominotè nan vil Nouyòk
Immigrant Defense Project (212) 725-6422
Hands Off NYC ICE Hotline (229) 304-8720
The Legal Aid Society (844) 955-3425
Mayor’s Office of Immigrant Affairs Immigration Legal Support Hotline 1-(800) 354-0365
Rapid Response Legal Collaborative ranpli fòm kontak la
Selil ijans kominotè nan Rockland County
Rockland Rapid Response Network (845) 510-5012
Selil ijans kominotè nan Ulster County
Ulster Immigrant Defense Network (845) 293-3423